Mobilizasyon ;Gwo van tansyon soufle sou vil Miragwàn maten jedi a

Published On septembre 27, 2019 | By Samanta Bellange | Actualités

Vil Miragwàn leve sou gwo van tansyon maten vandredi an . maten an byen bonè ,divès barikad fèt ak kawotyou te drese nan plizyè kwen nan vil la . 

Chalon ki se premye seksyon komin Miragwàn te bloke ak divès kalite barikad ki te plis pase dis  , si te gen anpil ki te fèt ak kawotyou ,anpil lót te drese ak wóch , pat gen ti machann nan lari a ,apre kèk madan sara ki te nan yon gwo bis ki t’ap soti potoprens pou antre jeremi .Toujou sou wout chalon an , pagen lekol ak lót enstisyon ki louvri pót  yo , nou kapab di tout aktivite yo paralize . Sou tout wout la se fatra , woch , krapas kawotyou boule . Piwo gen plizyè kód ki mare ansanm , sou kód yo gen yon dra ki gen ansanm pwoblèm popilasyon an ap fè fas n nan sa nou te ka li te gen ;pwoblem gaz , kouran , epi demisyon Prezidan Jovenel Moïse se prensipal objektif yo daprè sa yo fè nou konnen .

Lè nou rive Miragwàn se menm tablo a ,pa gen lekól ni mache , se timoun k’ap jwe boul nan lari a . pa gen machin k’ap fè trafik . se yon popilasyon ki pito motive pou manifestasyon ki prevwa fèt nan tout peyi a .

Fók nou di azèk Bienaime Frenel maten an byen bonè te fè nou konnen sektè demokratik ak popilè a nan depatman Nip lan byen mobilize pou manifestasyon ki prevwa fèt nan tout peyi a nan lide pou chavire gouvènman Jovenel Moïse la ki selon sa li fè konnen pa gen kapasite pou reponn ak pwoblèm popilasyon an ap fè fas . Mesye Frenel pwofite envite tout moun nan popilasyon an nan gwo jounen manifestasyon sa .

 

Like this Article? Share it!

About The Author

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Le temps imparti est dépassé. Merci de recharger le CAPTCHA.

Protected by WP Anti Spam