Gro tansyon nan vil miragwân aprè arestasyon azèk premye seksyon an Bien Aimé Fresnel

Published On septembre 17, 2019 | By Samanta Bellange | Uncategorized

Gwo van tansyon soufle sou vil miragwan maten madi 17 septanm la aprè lapolis te fin mete anba kÒd kowÒdonatè katèl Azèk premyè seksyon komin miragwan nan Bien Aime Fresnel byen bonè nan maten.
twa manb katèl meri komin nan ak plizyè dizèn militan lavalas mete an kwa drèt devan komisarya a , youn nan gwo kamyon lameri konn abitye ramase fatra nan vil la, nan lide pou fÒse lapolis libere Azèk la .
Militan sa yo ki te move kou kong, te fose tout machann kap vann anba lavil la antre lakay yo e yo te egzije tout responsab lekÒl nan vil la ranvwaye elèv  yo sa ki te lakÒz sekte eskolè komès ak transpÒ a te paralize pandan tout rès jounen an. daprè sa militan sa yo te fè konnen vil la t’ap rete bloke jiskaske  Azèk la jwenn liberasyonl .
aprè gwo mouvman leve kouri ki te genyen jij de pè vil la Daniel Ovide te tande Azèk la epi libere’l tou suit ansanm avèk chofè moto ki te avèl ke lapolis te arete epi bastonnen tou. selon enfÒmasyon jèn gason gason sa bay a jounalis yo a mikwo fèmen, fÒs lÒd yo ta menm kraze motol .

BÒ kote pal selon deklarasyon li te fè nan mikwo jounalis ki te sou plas aprèl fin libere, azèk Bien Aime kalifye arestasyonl lan kÒm yon arestasyon politik . Malgre entimidasyon, Azèk la sanble pa deside bay vag nan lit lap mennen kont pouvwa an plas la lèl deklare : » mw menm mw pase kèk minit deye bawo, prezidan Jovenel li menm ap pase tout res vil nan penitansye nasyonal » . Azèk la ki te gen mak kou vizib sou fwon l ak bÒ tanp li, di li t resevwa plizyè pataswèl nan men fÒs lÒd yo aprè yo fin aretel la.

Like this Article? Share it!

About The Author

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Le temps imparti est dépassé. Merci de recharger le CAPTCHA.

Protected by WP Anti Spam